I. Jezi Kris se sèl Chemen an
Sali lòm restan antyèman sou lamnò, antèman ak rezirèksyon Jezi Kris. Se yon bagay tris lè anpil Brezilyen ak moun lemonn antye gen espwa ke bon zèv yo ap bay yo padon pou peche yo! Eritaj, nasyonalite ni aktivite relijyèz pa vo anyen. Sali pa janm baze sou bagay sa yo; se pa paske kèk misyonè di sa, men paske Bondye dekri l konsa. Sali nètman depann sou Senyè a. Se responsabilite nou pou nou kwè sa epi resevwa Li kòm Sovè pèsonèl nou.
Zanmi, Jezi pat di ke Li t ap montre ou chemen an. Jezi te di, <<Mwen se chemen an>>(Jan 14:6) Li p at bay lòm yon lis de bagay pou yo fè pou rive nan Syèl la. Li te bay kò pa L sou kwa a. Lojik lòm ak tout lòt relijyon konkli ke fòk nou bati yon pon pou Syèl la pa mwayèn zèv nou yo. Bondye fè nou konpran l diferan. Jezi te bati pon sa pou Syèl la depi lontan pa mwayèn kwa a.
II. Enpòtans de Kwa a
III. Malediksyon de Kwayans nan Bon Zèv