Portugu�s (Brasil)   English (United States)   Espa�ol (Espa�a)   Deutsch (Deutschland)    中国 (中文)    Русский (Россия)    한국어 (한국)    الكردية (كردستان)    العربية (لبنان)    Criolo (Haiti)    Fran�ais (France)  
 
 
samedi 19 mai 2012
Login
Register
> Levanjil Senp La > III. Malediksyon de Kwayans nan Bon Zèv

 

 

 

III. Malediksyon de Kwayans nan Bon Zèv

Kenpòt moun ki panse ke bon zèv li yo va pemèt li antre nan Syèl twonpe. Pòl fè nou konnen: <<Vrèmanvre, tout moun k ap konte sou fè zèv lalwa, yo anba yon malediksyon.>> (Galat 3:10) Pèsòn anba malediksyon Bondye a p ap ale nan Syèl la.

 

Se pou rezon sa a Jezi te mouri sou kwa a, epi rezon Pòl te di, <<Kris vin yon malediksyon nan plas nou. Vrèmanvre, men sa ki ekri: Malediksyon pou tout moun yo pann sou yon bwa.>> (Galat 3:13) Lè nou genyen Jezi Kris kòm ranplasan nou, Li tounen malediksyon pou nou epi nou rachte nan peche nou yo!

 

Fòk yon moun kwè sa pou l sove. Pòl te di, <<E, chak moun ki kwè nan Jezi, li jistifye yo anba tout bagay lwa Moyiz la pa t kapab jistifye nou yo>> (Travay 13:39). Se yon bagay trè senp. Se pou ou kwè nan Jezi ak nan lanmò Li sou kwa a pou ou ka rive nan Syèl la, oubyen w ap oblije mouri nan peche ou.

 

Silvouplè, mete konfyans ou nan Jezi Kris. Pinga nou espere ke efò pa ou pou swiv Bondye va ase. Bib la bay temwayaj ke pa gen pèsòn ki ka fè sa. Bondye te voye Pitit Li poutèt enposibilite sa. Avèk senserite, nou espere epi priye ke ou va konsidere peche ou. Se sèlman lanmò Pitit Bondye pafè a ki sifi pou retire peche nou.

 

I. Jezi Kris se sèl Chemen an

 

II. Enpòtans de Kwa a

 

 





Èske ou kwè nan Jezi Kris, men ou pa konnen ki jan pou ou priye?

 

 


Sa k swiv se yon ti pòsyon nan Bib la ki pale de priyè yon mesye ke Jezi te tande, e priyè yon lòt ke Jezi pa t tande.

 

<<Youn nan malfektè ki te pandye yo, li menm, li t ap denigre Jezi, li t ap di: Si ou se Kris la, sove tèt ou, epi, sove nou!

 

Men, lòt la reponn, li fè misye obsèvasyon. Li di: Menm krentif ou pa genyen pou Bondye, ou menm ki anba menm kondanasyon an! Pou nou menm, se jistis! Vrèmanvre, nou resevwa sa zak nou yo merite. Men, li menm, li pa fè anyen ki mal! Epi, li di Jezi: Senyè, lè ou vini nan wayòm ou an, sonje m.

 

Jezi di li: Franchamn, m ap di ou sa: Jodi a, w ap avèk mwen nan Paradi!>> Lik 23:39-43

 

Fòk ou rekonèt ke mo yo nan priyè ou pa gen menm valè ak kondisyon kè ou. Si ou konnen ke ou se yon pechè epi ou kwè ke Jezi Kris kapab sove ou, ebyen priye e mande Li sove ou. Li p ap janm pa sove yon pechè ki kwè nan Li.




 
Privacy Statement | Terms Of Use © 2008-2010 John Kokenzie, Jeremy Tyler